Post by Yvenson Joseph
⚜️CEO At MOTACTiev ⚜️Ambassadeur chez VOLUNTEER HAITI INC. ⚜️Networker ⚜️Entrepreneur 💻📱🖥️ ⚜️Leader International 🌍 ⚜️Businessman 📊 ⚜️Coach en développement personnel ⚜️Acteur ⚜️Business coach
📍🇭🇹 Jodi a, Ayiti gen randevou ak listwa. Ann voye tout bon enèji nou, tout priyè nou, tout lanmou nou bay Grenadye yo. Men ann rete lusid. Nan yon match, gen 3 rezilta: 🏆 Viktwa, nou selebre ak fyète. 🤝 Match nul, nou rete konfyan. 💪 Defèt, nou tonbe, nou aprann epi nou rekanpe pou nou kontinye rèv la. Kèlkeswa rezilta a, se pa emosyon ki dwe gide nou. Pa kraze, pa brize, pa mete lavi an danje. Yon patriyòt pwoteje peyi l, pwoteje tèt li, epi pwoteje lòt moun. Siksè pa fèt nan yon sèl jou. Li bati ak lafwa, travay, disiplin ak pèseverans. Moun ki rive yo se moun ki pa janm abandone. Si yon frè oswa yon sè bezwen èd, lonje men ba li. Si w ap bwè, pa kondwi. Si w ap kondwi, pa bwè. Jodi a se plis pase yon match. Se tout yon pèp k ap mache dèyè yon rèv. Ayiti ini. Ayiti kwè. Ayiti pap janm lage. Paske nou ka fèl pi byen ansan m! 🇭🇹❤️🇭🇹 #AyitiIni #Alaso #GrenadyeYo #NouPapLage #YonSelPep #Mondyal2026
Video Content