Post by Tèt Ansanm

14 followers

🍀Anpil eleman fè chak moun vin orijinal ak inik. Pami sa ki pi enpòtan yo, gen peyi kote yon moun fèt oswa kote rasin li ye, paske se istwa, kilti, lang, tradisyon, valè ak eritaj peyi sa a ki fòme idantite li epi ki ede defini kiyès li ye. Patrimwàn yon peyi se tout richès materyèl ak imateryèl li eritye nan men jenerasyon ki te viv anvan yo. Se eritaj sa yo ki bati fondasyon peyi a epi ki bay li valè ak pèsonalite devan lemonn. Se poutèt sa, patrimwàn yon peyi se youn nan pi gwo fòs li pou atire touris, paske moun toujou anvi dekouvi. Nan anpil sosyete, sitwayen yo ansanm ak otorite yo planifye depi jodi a ki patrimwàn materyèl ak imateryèl yo pral kite lot generasyon nan 20, 50 oswa menm 100 lane k ap vini yo. Yo envesti nan pwoteksyon, devlopman ak valorizasyon eritaj sa yo pou asire yo kontinye egziste pou jenerasyon kap vini yo. Nou ankouraje nou menm Ayisyen pou nou kòmanse reflechi sou ki kalite eritaj nou vle kite nan fanmi nou, nan kominote nou ak nan peyi nou. Nou ankouraje Leta tou pou li idantifye, pwoteje epi mete an valè tout sa ki ka vin fè pati patrimwàn nasyonal Ayiti, kit li materyèl kit li imateryèl. Paske yon Ayiti pozitif se yon chwa nou fè chak jou atravè aksyon nou, pawòl nou ak konpòtman nou. Pa janm bliye: chak Ayisyen se yon anbasadè peyi d'Ayiti. Ann aji pou lemond ka wè sa Ayiti ye tout bon vre: La Perle des Antilles✨ Credit pictures: Painting by L'Est Republicain Book cover Krik Krak by Edwige Danticat Tim Tim Bwa Chech by Gerard Marie Tardieu UNESCO World Travel & Tourism Council World Women Tourism World Tourism Forum Institute Leisure, Hospitality & Tourism World National Tour Association International Air Transport Association (IATA) UNWTO United Nations Medical Tourism Association® Adventure Travel Trade Association Global Sustainable Tourism Council (GSTC) DESTINATION INTERNATIONAL LIMITED International Association of Transportation Regulators CLIA | Cruise Lines International Association International Luxury Hotel Association IHRA TRADING AmCham Haïti CFHCI Haïti Chambre de Commerce et d'Industrie Haïtiano-Canadienne Chambre Franco-Haïtienne de Commerce et d’Industrie #noutseanbasadè #anbasadè #embassador #blogger #tetansanm #ansanm #together #Togetherness #TogetherWeCan #Turismo #tourism #tourists #travel #fypシ #virals #trend #BreakingNews #Travel #viajar #touring #tourisme #Haiti #ayiti #World

Post content

Video Content