Post by Stephanie Sophie Louis

Politologue de formation Jeune Présidente du Gouvernement Jeunesse PDG de Addacha KREYASYON Activiste sociale et politique Coordonnatrice générale JERH

Enèji pou grenadye yo. Gen kèk rèv ou pa ka eksplike ak mo. Yo depase lojik, yo depase estatistik. Pou mwen, Ayiti se pa sèlman yon peyi. Se yon pati nan mwen. Se rezon ki fè, malgre desepsyon yo, malgre doulè yo, mwen toujou chwazi kwè. 🇭🇹 Jodi a, pandan non nou ap siyen kontra sa a pou patisipasyon Ayiti nan Koup di Mond lan, mwen santi m tankou ti fi sa a ki pa t janm sispann reve pou drapo ble ak wouj la briye ankò sou gwo sèn yo. Mwen pa konnen kijan pou m eksplike lanmou mwen genyen pou Ayiti. Mwen sèlman konnen mwen pote l nan kè m, nan batay mwen, nan travay mwen ak nan espwa m. Mwen kwè enèji zansèt nou yo toujou ap mache avèk nou. E petèt, apre 52 lane ap tann, se pa sèlman yon ekip k ap antre sou teren an... se tout yon pèp k ap sonje li gen dwa reve ankò. Ayiti, mwen renmen w. E m ap toujou chwazi w. 🇭🇹❤️⚽️

Post contentPost contentPost content