Post by Ruud Stephane Alexandre

Communiquer avec passion c'est communiquer sa passion

Pandan periòd konfinman mwen pase anpil tan ap travay sou yon pwojè kreyatif ki sot nan fon kè m. Pwojè sa a gen kreyativite m, lide m, tan m, ak tout bòn volonte pou m pwodwi yon bèl show nan yon nouvo konsèp. Pou lapremyè fwa jodia map prezante w Vlog mwen an ki rele KOUT KAMERA Se yon Vlog ki diferan de sa w konn wè sou mache a. Mw fèl pou m pataje pasyon m avè w. Atravè l w ap jwenn bon jan enfomasyon sou sinema, analiz, kòmantè ak kritik sou fim. Se yon pwojè ki rive devlope gras a pwogram Street Labs Si w se yon tizè fim menm jan avèm, vi n dekouvri jan mw dekòtike dènye fim Disney a ARTEMIS FOWL nan Vlog sa. Abone a chanèl la kounya 👇 https://bit.ly/30kUOvT Al gade videyo a sou lyen sa 👇 https://lnkd.in/eDy84Fb #koutkamera #Tizè #cinema #film #cinephile #review #ArtemisFowl

Post content