Post by Jean Elissaint Saint-Vil

Advisor, Research & Innovation Policy, Global Peace & Social Justice, Decolonized History

Èske li rezonab pou aktivis politik ankouraje jwè ak patizan ekip yo pran pozisyon politik? Èske Mbappe gen dwa gen yon opinyon osijè politik Lafrans ap mennen sou kontinan Lafrik? Èske lè blan malveyan voye fig bannann dèyè Vinicius se zafè ki regade Vini? Ki sa sa fè si ekip Ajantin nan pa janm gen moun nwa ladan l? 15 Jiyè 2007, Fet Titid, lari Pòtoprens te cho pou plizyè rezon: Brezil t ap jwe kont Ajantin. Randevou kase pou manifestasyon Lavalas an favè retou Prezidan Aristide. Yo derape nan Legliz St-Jean Bosco, pase Delma 2, wout Ayewopò, rive devan Palè Nasyonal (ap gen anpil achiv nan emisyon sila a). Randevou, midi won, sou platfòm Jafrikayiti (Youtube, X, Facebook, LinkedIn). Pare ti chèz ba ou! + Pawòl Papa Dessalines (Amiral Duckworth jwenn repons) Aksyon Refleksyon Pou Revolisyon Tout Bon (Meriken te kore Duvalier tankou Didier) +++ Èske ou te konnen Koze Nèf Tankou Ze Fre ap feraye depi anvan kreyasyon YouTube? Se nan ane 1999 Jafrikayiti tanmen yon kwonik ak tit sa a, sou pòtay iPort Henry Deschamps. Se nan kwonik sila a, Jafrikayiti te lanse premye defi bay yon Prezidan Ayisyen pou li mete dosye Restitisyon Ranson Charles X lan devan boul figi Lafrans. Imajine konbyen kòb nou te estime Lafrans dwe Ayiti alepòk? Prezidan René Préval te fè lach nan vil Moncton, nan mwa Out/Septanm 1999. Men, yon jou 7 Avril 2003 Prezidan Aristide te mete dosye restitisyon an devan je ak nan zòrèy tout moun sou latè, alawonnbadè. Tan fè tan kite tan, revolisyon tout bon ap rapousuiv. Wè pa wè, fòk lavi fleri pou nèg ak nègès an Ayiti, epi toupatou sou latè! Tout emisyon yo sou paj sila a https://lnkd.in/ef4XENQa

Post content

Video Content