Post by Jean Elissaint Saint-Vil
Advisor, Research & Innovation Policy, Global Peace & Social Justice, Decolonized History
Petèt ou konnen Tina Lorquet depi li tikatkat an Ayiti, kote li fèt, osnon Etazini, kote li te ale lekòl primè ak segondè. Ou ka te etidye nan invèsite ak li kote li ranmase diplòm Enfimyè Sante Mantal Sikyatrik ki sètifye pa konsèy la (board-certified Psychiatric Mental Health Nurse Practitioner). Orezime, Shappa (Tina) Lorquet ranmase 2 metriz, youn nan Lidèchip ak Jesyon ak yon lòt nan Edikasyon Enfimyè. An plis, li fenk konplete yon Doktora nan Pratik Enfimyè (DNP) epi, alèkile a, lap pouswiv yon diplòm nan Dwa, kote li konbine swen sante, lidèchip ak edikasyon legal pou ede l defann pasyan li yo, kominote li ak dwa moun, an jeneral. Petèt ou fè konesans ak Doktè Lorquet atravè konpayi li "Vertivea Health", yon pratik Sikyatrik ak Sante Konpòtmantal ki tabli nan eta Massachusetts. Li ofri evalyasyon sikyatrik konplè, jesyon medikaman, tretman pou depresyon, twoub bipolè, ADHD, PTSD, OCD ak lòt pwoblèm sante mantal. Petèt se pa Shappa, pwofesyonèl lasante a, ou te rankontre men se patriyòt Tina, fanatik ekip Grenadye yo, analis politik la ak pèsonalite ki sou rezo entènèt la ou rekonèt. Antouka, depi ou se etidyan lasyans, patizan Ayiti, lavi, lasante, lanati, ak listwa menm jan avè m, an verite, mwen sèten ou pral dekouvri anpil bon kichòy tou nèf nan chita pale Dimanch 19 Jiyè 2026 lan. Randevou, midi won, sou platfòm Jafrikayiti (Youtube, X, Facebook, LinkedIn). Pare ti chèz ba ou! + Pawòl Papa Dessalines Aksyon Refleksyon Pou Revolisyon Tout Bon +++ Èske ou te konnen Koze Nèf Tankou Ze Fre ap feraye depi anvan kreyasyon YouTube? Se nan ane 1999 Jafrikayiti tanmen yon kwonik ak tit sa a, sou pòtay iPort Henry Deschamps. Se nan kwonik sila a, Jafrikayiti te lanse premye defi bay yon Prezidan Ayisyen pou li mete dosye Restitisyon Ranson Charles X lan devan boul figi Lafrans. Imajine konbyen kòb nou te estime Lafrans dwe Ayiti alepòk? Prezidan René Préval te fè lach nan vil Moncton, nan mwa Out/Septanm 1999. Men, yon jou 7 Avril 2003 Prezidan Aristide te mete dosye restitisyon an devan je ak nan zòrèy tout moun sou latè, alawonnbadè. Tan fè tan kite tan, revolisyon tout bon ap rapousuiv. Wè pa wè, fòk lavi fleri pou nèg ak nègès an Ayiti, epi toupatou sou latè! Tout emisyon yo sou paj sila a https://lnkd.in/ef4XENQa
Video Content