Post by Jean Elissaint Saint-Vil

Advisor, Research & Innovation Policy, Global Peace & Social Justice, Decolonized History

Petèt ou konnen Jean Robert Gelin depi li tikatkat ap grandi an Ayiti. Ou ka te etidye Agwonomi Twopikal ak li (UEH) osnon, se nan peyi Etazini ou vin temwen ki jan li t ap bat bèt pou li ranmase yon metriz nan Levasyon Plant (Southern Illinois University) anvan li te ajoute yon Doktora nan Filozofi (North Dakota State University). Petèt se atravè liv li ekri pou denonse medizan malpalan ki deklare Ayiti peyi madichonnen ou te premye fè konesans ak otè "Haiti Once Again", Jean R Gelin Kit se depi epòk li te ap feraye sou premye platfòm Ayisyen sou entènèt la, tankou "Windows on Haiti", ou te rankontre JR Gelin nan mitan yon latriye Kreyolis, kit se depi Ayiti ou konnen agwonòm nan, osnon nan peyi Etazini ou vin dekouvri otè a, animatè Refleksyon Ekoteolojik Pou Ayiti (REPA); Depi ou se etidyan lasyans, patizan Ayiti, lavi, lanati, ak listwa menm jan avè m, an verite, mwen sèten ou pral dekouvri anpil bon kichòy tou nèf nan chita pale Dimanch 28 Jen 2026 lan. Randevou, midi won, sou platfòm Jafrikayiti (Youtube, X, Facebook, LinkedIn). Pare ti chèz ba ou! + Pawòl Papa Dessalines (Amiral Duckworth jwenn repons) Aksyon Refleksyon Pou Revolisyon Tout Bon (Meriken te kore Duvalier tankou Didier) +++ Èske ou te konnen Koze Nèf Tankou Ze Fre ap feraye depi anvan kreyasyon YouTube? Se nan ane 1999 Jafrikayiti tanmen yon kwonik ak tit sa a, sou pòtay iPort Henry Deschamps. Se nan kwonik sila a, Jafrikayiti te lanse premye defi bay yon Prezidan Ayisyen pou li mete dosye Restitisyon Ranson Charles X lan devan boul figi Lafrans. Imajine konbyen kòb nou te estime Lafrans dwe Ayiti alepòk? Prezidan René Préval te fè lach nan vil Moncton, nan mwa Out/Septanm 1999. Men, yon jou 7 Avril 2003 Prezidan Aristide te mete dosye restitisyon an devan je ak nan zòrèy tout moun sou latè, alawonnbadè. Tan fè tan kite tan, revolisyon tout bon ap rapousuiv. Wè pa wè, fòk lavi fleri pou nèg ak nègès an Ayiti, epi toupatou sou latè! Tout emisyon yo sou paj sila a https://lnkd.in/ef4XENQa

Post content

Video Content