Post by Jean Elissaint Saint-Vil

Advisor, Research & Innovation Policy, Global Peace & Social Justice, Decolonized History

Ou ka abitye wè travay li sou rezo sosyal tankou sou gran boulva vil Okap. Petèt se Direktè Patenarya Stratejik & Relasyon ak Medya pou "Mache Community Inc." lan ou rankontre an premye. Petèt se sou paj Tiktok "Voices from home" ou abitye wè nègès sila a ki di (rele mwen) "@CallmeBlandine". Li anime antrevi ak diskisyon sou sijè ki konekte reyalite sosyal, politik ak ekonomik Ayiti ak vivasyon Ayisyen ki nan espas dyaspora a. Kit ou konnen Blandine depi li ti katkat an Ayiti, kòm timoun ki grandi Etazini, osnon se ta sou rezo entènèt ou fè konesans ak òganizatè a, animatris la osnon fouyadò a, mwen sèten ou pral dekouvri anpil bon kichòy tou nèf nan chita pale Dimanch 14 Jen 2026 lan. Randevou, midi won, sou platfòm Jafrikayiti (Youtube, X, Facebook, LinkedIn). Pare ti chèz ba ou! + Pawòl Papa Dessalines (Rapò Dessalines ekri osijè Kapwa Lamò 18 Novanm 1803) Aksyon Refleksyon Pou Revolisyon Tout Bon (FIFA 1 - Ayiti 0 - Grenadye alaso!) +++ Èske ou te konnen Koze Nèf Tankou Ze Fre ap feraye depi anvan kreyasyon YouTube? Se nan ane 1999 Jafrikayiti tanmen yon kwonik ak tit sa a, sou pòtay iPort Henry Deschamps. Se nan kwonik sila a, Jafrikayiti te lanse premye defi bay yon Prezidan Ayisyen pou li mete dosye Restitisyon Ranson Charles X lan devan boul figi Lafrans. Imajine konbyen kòb nou te estime Lafrans dwe Ayiti alepòk? Prezidan René Préval te fè lach nan vil Moncton, nan mwa Out/Septanm 1999. Men, yon jou 7 Avril 2003 Prezidan Aristide te mete dosye restitisyon an devan je ak nan zòrèy tout moun sou latè, alawonnbadè. Tan fè tan kite tan, revolisyon tout bon ap rapousuiv. Wè pa wè, fòk lavi fleri pou nèg ak nègès an Ayiti, epi toupatou sou latè! Tout emisyon yo sou paj sila a https://lnkd.in/ef4XENQa Ayiti

Post content

Video Content