Post by Jean Elissaint Saint-Vil

Advisor, Research & Innovation Policy, Global Peace & Social Justice, Decolonized History

KI SA POU AYISYEN FÈ AK MOUCHE SÉBASTIEN MIGNÉ? ANNOU KONSILTE DEFEN RENÉ PRÉVAL! Depi 2017, li travèse ale jwenn zansèt yo. Poutan, se vwa defen Prezidan René Gracia Préval ki pral ede nou mennen yon refleksyon 2 je kale, byen serye, tèt frèt, san laperèz, ni demi mezi, osijè prezans & pèfòmans blan franse Sébastien Migné ki, jiskaprezan, ap jwe wòl antrenè Grenadye ki reprezante Ayiti nan Mondyal FIFA 2026, ekip gason yo. Kit ou deja tande tout diskou René Préval yo, ikonpri diskou istorik 1 Janvye 1999 lan, kit ou se gwo tizè boul osnon se ta yon lè konsa ou voye je gade sa k ap pase nan Mondyal 2026 lan; Depi ou se etidyan listwa menm jan avè m, an verite, mwen sèten ou pral dekouvri anpil bon kichòy tou nèf nan chita pale Dimanch 21 Jen 2026 lan. Randevou, midi won, sou platfòm Jafrikayiti (Youtube, X, Facebook, LinkedIn). Pare ti chèz ba ou! + Pawòl Papa Dessalines Aksyon Refleksyon Pou Revolisyon Tout Bon +++ Èske ou te konnen Koze Nèf Tankou Ze Fre ap feraye depi anvan kreyasyon YouTube? Se nan ane 1999 Jafrikayiti tanmen yon kwonik ak tit sa a, sou pòtay iPort Henry Deschamps. Se nan kwonik sila a, Jafrikayiti te lanse premye defi bay yon Prezidan Ayisyen pou li mete dosye Restitisyon Ranson Charles X lan devan boul figi Lafrans. Imajine konbyen kòb nou te estime Lafrans dwe Ayiti alepòk? Prezidan René Préval te fè lach nan vil Moncton, nan mwa Out/Septanm 1999. Men, yon jou 7 Avril 2003 Prezidan Aristide te mete dosye restitisyon an devan je ak nan zòrèy tout moun sou latè, alawonnbadè. Tan fè tan kite tan, revolisyon tout bon ap rapousuiv. Wè pa wè, fòk lavi fleri pou nèg ak nègès an Ayiti, epi toupatou sou latè! Tout emisyon yo sou paj sila a https://lnkd.in/ef4XENQa

Post content

Video Content