Post by Ausky Salomon

Traducteur chez Reading Room, Poète/Écrivain, Président Konbit Club Toastmasters

Yon bèl chapit ap fèmen, men echanj yo ak aprantisaj y ap rete grave pou tout tan ! 💫 Jou dimanch 19 Jiyè 2026 la, ak anpil emosyon ak fyerite, mwen pase mayèt prezidans lan ofisyèlman nan tèt komite ekzekitif « Konbit Club Toastmasters ». Jan n ap gade li nan foto a, mwen t ap tache tradisyonèl Pin prezidan klèb Toastmaster a sou nouvo prezidan an, ki senbolize tout responsabilite, lidèchip, ak vizyon klèb la ap pote a (Ann fè konbit pou eklerasyon !). 📌✨ Eksperyans mwen te viv kòm prezidan klèb la te yon veritab vwayaj transfòmasyon : 🗣️ Mwen rive pouse limit mwen nan pran lapawòl an piblik, epi taye koub kominikasyon m pou tout sitiyasyon. 🤝 Mwen ranfòse « lidèchip mwen » nan fason pou m kòmande ak travay an ekip, nan menm lespri "Konbit" sa a ki fè fòs nou an. Mwen vle di yon gwo MÈSI ak tout manb komite m nan, ak chak Toastmaster ki te sipòte m, ki te ankouraje m, epi ki te jide m grandi pandan tout maraton sila. Nou te monte mòn ak kraze anpil barikad ansanm ! Mwen swete nouvo komite a anpil siksè ak bon kouraj nan nouvo avanti sa a🚀! Pwovèb la di : "Men anpil chay pa lou". Mwen gen tout konfyans n ap mennen Konbit Club Toastmasters pi wo toujou ! Eksperyans sa a fini, men vwayaj la ap kontinye ! 🎓💬 #ToastmastersInternational #KonbitClubToastmasters #Leadership #AnnPaleKreyol #Gratitid #Grandisman

Post content